Accueil www.volcreole.com
Le forum de discussion des Dom-Tom !
Guadeloupe, Martinique, Guyane, Réunion
St Pierre et Miquelon, Mayotte, Polynésie, Wallis et Futuna, ...


VOLCREOLE WEB TV :: CLIPS VIDEOS EN STREAMING HD AVEC YOUTUBE ET DAILYMOTION

 :: Connexion :: S'enregistrer :: Profil :: Messages privés :: Membres :: Album Photos :: Forum :: Chat :: Rechercher :: FAQ :: Annuaires :: Agenda :: Musique  :: 


Diksyonè kreyol-kreyol ayisyen ak gramè e lengwistik


 
Ce sujet est verrouillé, vous ne pouvez pas éditer les messages ou faire de réponses.    Accueil » Forum » Littérature - Art - Culture: Diksyonè kreyol-kreyol ayisyen ak gramè e lengwistik  Publier ce sujet sur Facebook Publier ce sujet sur Facebook
Voir le sujet précédent :: Voir le sujet suivant  Publier ce sujet sur Facebook :: Envoyer ce sujet à un ami :: Imprimer ce sujet 
Auteur Message
masterches
Enregistrement 


Genre: Homme
Inscrit le: 12 Sep 2006
Sujets: 2
Messages: 6
Localisation: 67 - Rhin (Bas)
  Posté le: 05 Avr 2007 23:16    Sujet du message: Diksyonè kreyol-kreyol ayisyen ak gramè e lengwistik Répondre en citant

Ce message avait été placé dans langues locales ... mais ce serait plutôt dans litterature et culture caribéennes :
---------------------------------------------------------

http://kreyol.masterches.net/

Bonjou,

mwen etidyan Strasbou, frans e mwen kreye yon diksyonè kreyòl ayisyen "Online" : http://kreyol.masterches.net/
Li pwopoze :
#Yon diksyonè : definisyon ak sinonim, istwa, tradisyon, etimoloji, pwovèb, ak tradiksyon nan lot kreyol ak nan lot lang yo
#Yon gramè : yon paj wiki ; gramè ak lengwistik

M'ap fè yon konpil de tout enfomasyon m'ap twouve e sa nou ap ban mwen.

Ki jan pou nou patisipe :
1.ay anlè http://kreyol.masterches.net/
2. Si ou vle mete yon definisyon, yon ekspresyon, yon pwovèb, yon moman istwa, yon moun enpotan nan istwa peyi a : gade si mo ou fraz la ja la, nan ka sa a wap mete yon komantè sinon wap klike anlè "proposer une definition" oubyen "add a definition"; nou pe mete imaj, map mete-l nan baz de done mwen ni
3. Si ou vle korije yon definisyon : mete koreksyon ou tap fè nan komantè wap twouve anba mo ou vle modifye an.
4. Ou pe pwopoze definisyon nan lang kreyol karayib (mete nan definisyon an ki orijin kreyol li ye, kreyol gwadloup, matinik, giyan, reyinyon...etc )
5. M'ap valide definisyon an e m'ap mete li an paj si nesesè.

6.Nan pati "gramè kreyol ayisyen" : si ou vle patisipe nan kreasyon'l, klike anlè "Compte" anlè a goch nan meni-a e enskri w ; apre wap retounen nan gramè-a e ou pe edite li. Kote administrasyon an, mwen tini yon sovgad de paj-la avan'l te modifye.

Mwen se yon Ayisyen de la dyaspora e mwen ta renmen tini yon imaj korèk anlè lentènet. Se pou sa mwen ta renmen nou korije e nou kontribiye nan elaborasyon diksyonè sa a, ansiklopedi sa-a.
M'ap chache tout enfomasyon ki ofisyel ou ki veritab nan listwa d'ayiti (nou pa bizwen yon kreolizasyon kreyol ayisyen si nou genyen yon ekivalan nan lang pa nou )

Mèsi pou tout kontribisyon nou.
Korije'm si mwen fè fot.
Mèsi anpil.
Diksyonè-a kapab ay lwen lwen.


MasterChes


PS : pour les non creolophones, il s'agit d'un projet de dictionnaire creole-creole haitien avec un essai grammatical et linguistique.

Toute participation, commentaire et idées sont les bienvenues sur http://kreyol.masterches.net/

_________________
Diksyonè Kreyòl ayisyen :
http://kreyol.masterches.net/

http://www.MasterChes.net/
Chesmaster@gmail.com / desir_ev@hotmail.fr
Revenir en haut
Voir le profil de l'utilisateur Envoyer un message privé MSN Messenger
masterches
Enregistrement 


Genre: Homme
Inscrit le: 12 Sep 2006
Sujets: 2
Messages: 6
Localisation: 67 - Rhin (Bas)
  Posté le: 05 Avr 2007 23:17    Sujet du message: Diksyonè kreyol-kreyol ayisyen ak gramè e lengwistik Répondre en citant

Patisipe nan projè diksyonè kreyol ayisyen an : http://kreyol.masterches.net/

Mi yon bagay m'trouve enteresan ke W. Vedrine mete nan limyè :

Citation:

************* CreoLIST posting **************
Date: Fri, 03 Mar 2000 02:19:42 GMT
From: "E Vedrine" <[log in to unmask]>
Subject: On HC Dictionaries




"TI KòMANTè SOU 'DIKSYONè KREYòL' AK ENTèPRETASYON NATIF"

(E. W. Vedrine)


"An Kreyòl mo kontribisyon an vle di yon biwo leta kote moun al peye enpo
epi kote moun al achte papye tenbre oswa al fè katdidantite (Haitian Creole
Dictionary; Valdman-1981 paj 304). Bonjan mo kreyòl la ta ka kotizasyon, se
mo sa a ki sèvi pou kòb moun ap ranmase pou yon bon kòz". (Lionel Hogu)


Diksyonè Valdman nan (Haitian Creole, English, French Dictionary - 1981) bay
yon sèl definisyon:
"n/n loc. F bureau de Contributions E tax office. M pral nan Kontribisyon, m
pral peye dwa lokatif" (pp. 304). Nan diksyonè Bryant C. Freeman ak Jowel
Laguerre (Haitian - English Dictionary, ed. 1998, pp. 315), men sa yo di sou
mo 'kontribisyon': "tax office, internal revenue service; pledge;
contribution" epi yo ban nou "soutit" (sub entry): ajan kontribisyon (tax
collector); biwo kontribisyon (tax office)"

Pwoblèm Hogu, sèke li jis baze definisyon "kontribisyon" sou sa diksyonè
Valdman nan di ak kèk fi ransèyman li ajoute men ki pa fin nan plas yo olye
li reflechi sou tout semantik mo a (ta ka genyen) epi kisa l gen pou di etan
natif ak sa lot diksyonè ta di tou pou l ta analize yo. Donk la a, si Hogu
ta panse pibliye yon diksyonè kreyòl fò l ta pran koze sa yo an
konsiderasyon; sètadi, nou tout etan natif ki te fè yon pase Pòtoprens
oubyen ki te viv la, nou konnen gen yon gwo bilding leta ki rele
"Kontribisyon" (nan lang kreyòl) ki okipe l de koze enpo elt. Men, ki lòt
fason natif yo itilize mo "kontribisyon" lè y ap pale? Donk, si n ap ekri
yon diksyonE kreyòl men kijan nou ta ka defini mo "kontribisyon":

KONTRIBISYON (1). n.p [non pwòp] Biwo leta ki okipe l de revni entèn, enpo.
Yo se anplwaye Kontribisyon. 2. n. biwo kote moun peye enpo. M pral peye
enpo lokatif la nan Kontribisyon. 2. n. kotizasyon. Yo mande pou chak moun
bay yon kontribisyon pou achte teren an. 3. n. kolaborasyon. Anpil kreyolis
pote kontribisyon pa yo nan lang kreyòl la.

Nan yon ti bout paragraf, Hogu mande moun soulve yon dal pwen. Pòl Dejan di:
"sèl moun ki vrè pwofesè lang kreyòl la se pèp la". Albert Valdman, ak sajès
li nan rechèch leksikografik, repete menm fraz la nan Konferans HAS (Haitian
Studies Association) nan eta Wisconsin (oktòb 1995).

Sou koze diksyonè a, se bagay ki fè m grate tèt mwen lè y ap pale de li.
Bryant C. Freeman ak Jowel Laguerre (F/L) te gen chans pou ta mete yon
bonjan diksyonè deyò nan dezyèm edisyon yo pibliye a (1998) men domaj, nivo
rechèch yo a montre youn nan yo pa ni lengwis ni leksikograf. Se petèt youn
nan rechèch ki pran plis tan pou analize depi "A" jiska "Z" (38,00 antre)
pou analize bazdone pou nenpòt diksyonè. Donk, diksyonè Valdman 1981 (AV81),
toujou rete la kòm sèl kòk chante nan fason rechèch la te fèt ak kijan
ilistrasyon chak kontèks chita nan plas yo. Rayi chen, di dan l blan;
diksyonè F/L la ke m rele yon "leksik avanse sou kreyòl" pito, kouvri plis
valè mo nan lang kreyòl la ke nenpòt diksyonè ki ta pibliye sou kreyòl anvan
Lan 2000 pase F/L itilize yon gwo volim "corpus" ekri, jwenn ak sa yo pran
nan Enstiti Lengwistik Aplike (sou direksyon Pierre Vernet), plis majorite
zèv kreyòl F/L te ka ranmase nan ane 60 yo an kreyòl. Men gwo pwoblèm
diksyonè F/L la se "absans kontèks", "kèk newolojis" ki glise ladan (atravè
koleksyon zèv ekri, kote kèk otè envante yon seri mo natif pa konnen, pa
janm tande), kèk "kreyòl fransize" majorite natif pa janm tande, "varyasyon
dyalektal" ki pa eklèsi...

Sous tout pwoblèm sa yo montre yon seri prensip ki pa respekte nan ekri
diksyonè e ki konkli ke de otè yo pa ni lengwis ni leksikograf men kanmèn,
yo pote yon gwo kontribisyon nan lang kreyòl la pase kèlkeswa diksyonè yon
moun ap ekri kounyeya oubyen rechèch k ap fèt sou diksyonè li enposib pou l
pa ta gen diksyonè F/L la nan corpus li.

Yo te ka amelyore travay la si apre yo te fin trete bazdone a epi yo t al
sou teren an (Ayiti) pou fè yon tès (sètadi teste yon seri mo [ki soti nan
corpus ekri a] ak yon gwoup natif pou wè sa yo konnen byenke l enposib pou
ta konn tout (si n ap antre nan nannan 'etid dyalektolojik') amwenke nou ta
repati ak travay Dominique Fattier a (tèz doktora deta li prezante desanm
1999 sou 20 kominote lengwistik li chwazi, 6 volim tèz); se yon travay ki
pran l 15 lane men se vrèman premye gwo rechèch oral ki fèt sou kreyòl. La
a, pa gen dout pou itilize okenn mo nan rechèch sa a epitou li chwazi elèv
li nan fakilte a (Faculté de Linguistique Appliquée, Université d'Etat
d'Haiti) ki natif natal pou te kondi anrejistreman yo pase li menm li se yon
fransèz.

Donk nenpòt vrè diksyonè kreyòl-kreyòl ou menm yon bonjan bileng ki ta gen
pou soti, fò l ta gen yon reflè teyori ak pratik sa yo (corpus ekri + corpus
oral). Finalman, si n ap pase an revi diksyonè F/L la, nou wè pa gen yon vrè
edisyon (travay final) ki fèt apre yo ta fin monte tout bazdone a; sètadi pa
gen yon triyay final (ki ta sipoze baze sou corpus oral la dekwa pou rejte
kèk leksèm nan corpus ekri a) de "A" - "Z" nan tretman ipèbaz la
(hyperbase), teste tout referans kwazman, sinonim (mo tokay), ak mo aparante
[globalman, "ipewonim"] ("cross reference").

Si n ap fè yon resansman aktyèl, lis diksyonè sou kreyòl aysiyenl rive nan
yon ventèn (enkli kèk leksik) men bonjan kesyon an se: ki pwa yo apre AV81
ki fè yon gwo diferans nan Etid Leksikolojik. Fò n pa janm bliye tou
kontribisyon konpatriyòt Jules Faine (prix de l'academie française) ki mouri
kite yon maniskri diksyonè "Editions Lemeac" (Kanada) met deyò an 1974 kòm
premye diksyonè sou lang kreyòl (gras a devouman e rapidite lengwis kanadyen
Gille Lefebvre) byenke Valdman te okouran rechèch sa a avan men pye kout
pran devan. Malgre Faine konsidere kòm yon filològ pito (pa anpil Lengwis),
men li fè gwo michan travay nan domèn filoloji ak diksyonè kreyòl la epi nou
pa ka bliye defen Pradel Pompilus ki kaze kòd semèn pase (konsidere kòm yon
tòp lengwis Ayisyen dapre Albert Valdman e dapre plizyè lòt kreyolis).

Sa gen kèk mwa depi m te pase an revi yon atik enpòtan Pompilus te prezante
nan yon konferans an Frans (nan ane 70 yo) nan kad "elaborasyon diksyonè
kreyòl" kote mwen wè l ouvè tout yon chemen ide nan yon ti atik dis paj epi
de tèz li prezante nan "Sorbonne" ("La langue française en Haiti" Université
de Paris pibliye an 1961 [278 p.]; "Lexique du patois créole d'Haiti" (246
p, inédit) Thèse complémentaire présentée à la Facultée des Lettres de
l'Université de Paris en vue de l'obtention du titre de 'Docteur ès
Lettres', sous la direction du professeur. G. Gougenheim' ) pou tèz doktora
l gen anpil valè, anpil pwa pou kreyolis ki nan domèn leksikografik la.

Kesyon diksyonè a rete yon "travay an sispan", yon bwalong toujou nan kad
"pi bon diksyonè" (sou tout fòm) malgre mwen konnen gen anpil travay sipriz
ki nan wout, travay ki pa janm mansyone men an gwo travay diksyonè a se yon
travay san bout ki mande bonjan konesans ak rechèch nan domèn sa a plis
metodoloji pou aplike yo.

(E. W. Vedrine)

_________________
Diksyonè Kreyòl ayisyen :
http://kreyol.masterches.net/

http://www.MasterChes.net/
Chesmaster@gmail.com / desir_ev@hotmail.fr
Revenir en haut
Voir le profil de l'utilisateur Envoyer un message privé MSN Messenger
PiPo
Assistant Assistant



Genre: Homme
Inscrit le: 24 Avr 2002
Sujets: 27
Messages: 3129
Localisation: issy-les-moulineaux
  Posté le: 06 Avr 2007 07:31    Sujet du message: Diksyonè kreyol-kreyol ayisyen ak gramè e lengwistik Répondre en citant

bonjou missié masterches,

ou fini ecri mèm sijèa adan "langue locale".
Pa la pèn bégéyé, nou ké continué palé isi'a


mési
Revenir en haut
Voir le profil de l'utilisateur Envoyer un message privé
masterches
Enregistrement 


Genre: Homme
Inscrit le: 12 Sep 2006
Sujets: 2
Messages: 6
Localisation: 67 - Rhin (Bas)
  Posté le: 06 Avr 2007 07:42    Sujet du message: Diksyonè kreyol-kreyol ayisyen ak gramè e lengwistik Répondre en citant

Bonjou,

Wi wi, mwen poste l bò kote sit paske m twouve li pli apwoprye ..ou mèt redirije post la bò kote sit.
Se lè m wè ke li te ka devlope Kreyol Dom-Tom ke mwen di i ta meyè m mete li nan yon sijè pli vast.

Mpap begeye ankò ...

_________________
Diksyonè Kreyòl ayisyen :
http://kreyol.masterches.net/

http://www.MasterChes.net/
Chesmaster@gmail.com / desir_ev@hotmail.fr
Revenir en haut
Voir le profil de l'utilisateur Envoyer un message privé MSN Messenger
Montrer les messages depuis:   
Ce sujet est verrouillé, vous ne pouvez pas éditer les messages ou faire de réponses.    Accueil » Forum » Littérature - Art - Culture: Diksyonè kreyol-kreyol ayisyen ak gramè e lengwistik  Publier ce sujet sur Facebook Publier ce sujet sur Facebook Toutes les heures sont au format GMT + 1 Heure
Page 1 sur 1
    
 
Sauter vers:  
Vous ne pouvez pas poster de nouveaux sujets dans ce forum
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum
Vous ne pouvez pas éditer vos messages dans ce forum
Vous ne pouvez pas supprimer vos messages dans ce forum
Vous ne pouvez pas voter dans les sondages de ce forum

Tags
Arawaks - Euro2008 - Azureus - Ecran plat - CanalPlus - Bourse - Touloulous - RnB - Logitech - Jeux Vidéos - Easyjet - Présence PC - Overclocking - Tresses - ABCparoles - Tour des Yoles - Mirage Team - Boursorama - Honda - Noël Tropical - Japanimation - Doubleclick - Mobinaute - Skyrock Rencontres - Neuf
Copyright © 2001-2008 Volcreole.com ... Basé sur phpBB © 2001
  


Charte | Contacts | Favoris | Accueil | Connexion | S'enregistrer | Profil | Rechercher | MP | Membres | Album Photos | Groupes | FAQ | Forum | Portal | Dom-Tom | Partenaires | Liens | Bannières | Tags | Annuaires | Agenda | Musique | Loto | Videos | Archives